Bondye lavi a kreye nou chak ak yon misyon spesifik pou nou akonpli pandan pasaj nou isiba. Pa gen “demi-mesure” ni “substitut” se swa osinon. Toutotan nou poko ka rekonèt sa nou kondane pou nou rekòmanse.
Konnen kisa misyon sa ye epi mete tout ou menm ladann pou reyisi kapab yon gwo zèl kat nan lavi yon moun. Genyen gran paran guide, genyen se eksperyans makònen ak echèk, genyen ki dekouvri sa depi yo fèt men genyen tou se nan granmoun avanse. Pa bliye, misyon sa kelkeswa jan w’ ta vire lavi a w’ap bab pou bab ak li. Ou ka chwazi inyore li akoz presyon lavi a, ki anpil fwa se tès Bondye voye, men ou pap ka ekate l’ de nanm ou.
Aprann konnen tèt ou epi w’ap konprann inivè a. Sa ap pèmèt ou tou konnen misyon w’ sou latè. Kòmanse pa reflechi sou yon bagay lè w’ap akonpli li se tankou yon òkès k’ap kreye yon melodi, kè w’ kontan tout pwòblèm yo disparèt, ou transpòte nan yon lòt dimansyon. Chèche tou si sa w’ap fè a pote lajwa nan lavi lòt moun, eske li manifeste sou prensip lanmou, respè, tolerans, …elatriye
M’ap pale ak tèt mwen de mwen. Yon monològ. Mwen swete na jwenn yon bagay ki bon ladan kan menm.
Misyon m’ se kreyasyon. Soti nan yon neyan absolu epi materyalize yon zèv ke mwen fyè de li e ke tout sans ki nan moun ka apresye. Fòs mwen se kreyativite m’ e anpil fwa sa mwen pat janm oze reyalize. Anpil nan nou ki konnen m’ de prè konnen pasyon m’ pou fotografi. Se yon aktivite ki fè m’ santi mwen, nan languaj Ayisyen, dedouble. Mwen pa gen okenn kontwòl fizik, emosyonèl sou sa m’ap fè a, men pito mwen viv yon “fluidite” spirityèl. Mwen kite kouran an mennen m’ olye m’ ap mete konesans entelektyèl sou sa m’ap eseye reyalize a. Mwen viv moman sa yo lè sa mwen panse reyalize a soti sanpousan nan lanmou san okenn lòt motivasyon.
Kwake tit tèks la di l’ men estidyo a pako la fizikman, nou pako ka wèl men nan kè m’ li deja materyalize. Se yon reyalite, sa Bondye deside lèzòm paka bloke. Nou gen poun wè nan estidyo a ankò.
~
Featured Image by Harry Cunningham on Unsplash