Byenvini sou nouvo blògue mwen. Mwen di nouvo malgre mwen gen deja detwa atik ke m’ te pibliye depi 2018. Anpil bagay nouvo nan lavi m’ e sa, nan tout dimansyon. Jan Cyriaque te konn di lontan sou radyo KB lè l’ ap tire kont, “son ti kout pye yo ban m’ mwen ateri vinn bannou ti kont sa”, lavi a ban m’ yon ti kout pye depoze m’ nan peyi Etazini.
Se pat janm sa mwen te swete lè m’ t’ap grandi, pati kite peyi kote lonbrit mwen antere. Men, gen de desizyon nan lavi yon moun ki pa depann sèlman de sa w’ vle pou tèt pa w’ men de sila yo ki depann de ou. Anpil fwa bonè yon lòt konn pase pou priyorite sou pwòp bonè pèsonèl ou. Ou ka panse sa rele sakrifis men mwen rele li lanmou.
Mwen lwen de peyi m’ men mwen pap janm abandone li. Okap rete tè kote m’ rankontre sa ki lanmou ak kè brize, pwezi lè m’ap mache nan ri yo, pase sou laplas Katedral file desann sou Boulva.
Richie chante l’ nan mizik sa:
Rekòmanse a zero, rebat kat la pa janm fasil sitou lè se nan yon lòt peyi. Sitou lè w’ lwen fanmi w’ ak tout sa w’ pase lavi w’ ap kosntrui. Okòmansman li pat fasil emosyonèlman, malgre sipò fanmi ak zanmi mwen te jwenn. Apre yon ti tan mwen di tèt mwen si mwen la se paske deja mwen genyen nan mwen kapasite pou sumonte tout difikilte. Difikilte yo ki se mwayen pou grandi, pou rejenere epi dekouvri nan ou sa w’ pat janm panse ou posede.
Anpil jèn Ayisyen ap fè menm eksperyans sa jounen jodi a. Mwen swete ke tranzisyon an pou yo ap byen pase menm lè l’ ap difisil. Yon lòt fwa ankò difikilte yo vini pou yon rezon, se swa pou pèsevere oubyen chanje direksyon, nan tou de ka sa yo si w’ ka aprann w’ ap grandi. Mwen swete tou ke nou chak grenn ap toujou kenbe Ayiti nan kè nou e si lavi a ba nou chans lan yon jou na rankontre sou plas Katedral la pou fèt Okap.
Mwen menm mwen la, m’ ap souri m’ ap grandi chak jou. Mwen ap di nou ankò byenvini sou blògue mwen, fwa si la wout la ap san kanpe depi Bondye lavi a vle sa. Anpil pwojè fotografi ak videyo, anpil pataj eksperyans ak konesans sou sa mwen dekouvri. Mwen swete lanmou an pat gentan fane.
PS: Blògue sa ap prezante an Kreyòl, Franse ak Angle.